Orchid
Official Obituary of

JOCELYN PIERREMONT

December 24, 1953 ~ October 26, 2025 (age 71) 71 Years Old

JOCELYN PIERREMONT Obituary

Jocelyne Pierremont te fèt 24 Desanm 1953, nan Gonaïves, Ayiti, pitit renmen Lamercie Pierremont.

 

An 1980, Jocelyne te imigre Ozetazini epi li te rete nan Miami, Florid. Li te travay kòm Asistan Enfimyè Sètifye (CNA) — nan Grammercy Park Nursing Home pandan plis pase 20 ane. Li te achte pwòp kay li nan mwa Jen 1994, li te vin sitwayen ameriken nan mwa Jen 1997, epi li te batize nan Grace Connection Baptist Church nan mwa Jen 2017. Li se yon moun, ke anpil moun te rekonet nan kominote a epi li te toujou la pou ede lot moun. Nan tan lib li, li te renmen gade wrestling (epi li te renmen gade The Rock ak John Cena), fè mo kwaze, danse, manje, koulè prefer li se te ble, li te toujou ap souri, epi li te renmen ale legliz chak dimanch, li te renmen tout pitit pitit li yo anpil. E toujou bezwen konnen si yo anfom. Jocelyne pat selman yon bon manman, li te yon bon grann, yon zanmi, vwazin, e yon bon belme. 

 

26 Oktòb 2025, Senyè nou an, Sovè nou an, te rele sè nou renmen anpil Jocelyne pou li al repoze lakay li nan syèl la.

 

Absans Jocelyne mete tout fanmi li kite dèyè yo nan gwo soufrans: pitit fi li, Josianne (Jaaff), ak pitit gason li, Josma (Josie); pitit pitit li yo: Jeramiah, Jazara, Jasira, Jaaff Jr., Jupiter; ansanm ak zanmi li yo

To send flowers to the family or plant a tree in memory of JOCELYN PIERREMONT, please visit our floral store.


Services

Open Viewing
Friday
November 7, 2025

2:00 PM to 6:00 PM
Lee C Jay Memorial Chapel
17420 Homestead Ave
West Perrine, FL 33157

Funeral Service
Saturday
November 8, 2025

10:00 AM
GRACE CONNECTION BAPTIST CHURCH
13295 SW 268TH ST
NARANJA, FL 33032

SHARE OBITUARY

© 2026 Jay Funeral Home. All Rights Reserved. Funeral Home website by CFS & TA | Terms of Use | Privacy Policy | Accessibility